Chant d'Espérance Revival
100

Lè Jézu mouri sou Kalvè

Chants d'Espérance Kreyòl

Gnou chan sou gran amou Jézu: konbiin mouin doué?

▶ Écouter sur YouTube
1

Lè Jézu mouri sou Kalvè,
Lè Kris mouri sé té pou mouin.
Mouin mandé-m, èské m-a konnin
Konbiin mouin doué, konbiin mouin doué?

Kè

Konbiin mouin doué lamou san fin?
Konbiin mouin doué, ka Kris pou mouin?
Mouin konnin sa li fè pou mouin;
Mouin pa ka di konbiin mouin doué.

2

Sovè mouin, nan Jètsémani
Té pasé pi gran agoni.
Sé pou mouin soufrans sa té yé,
Kouman pou-m di konbiin mouin doué?

3

Sé té amou li gin pou mouin
Ki fè-l soufri gnou mò onté.
Lè tout san kò li té koulé,
Li sové mouin, Konbiin mouin doué!

4

Lè m-a rivé nan sièl la tou,
Rété avèk li pou toujou,
Mouin mèt palé di mil anné;
Mouin pap fi-n di konbiin mouin doué.

Précédent99 · Mouin vlé rakonté tou patouSuivant101 · Papa mouin gin kay, avèk anpil tè