Nap chanté gnou kantik Noèl
Nap chanté gnou kantik Noèl,
Bèl fèt ki rann nou tout jouayé!
Jou Noèl nan tan lontan,
Jézu-Kri té vini sou la tè.
Li té désann-Pami lè zom,
Kou gnou ti moun.
E lap voyé: Bòn volonté
E la pé pou tout moun!
Sonnin biin bèl
Tout kloch Noèl.
Lé Kris vini
Pou rét ak nou-
Ema-nuèl, ki non si bèl.
Bèjé yo kouté - tout sézi,
Lè anj la di gnou si bèl mo.
Tout foul zanj yo tap chanté:
Tout gloua pou Bon-Dieu nan lié trè (ro!
Ki gran lamou - Li gin pou nou,
Ki fè-l désann.
Prémié Noèl - Jou la si bèl
Pou tou lè zom!
Nap tandé bèl kantik ankò,
E nap vini présé, présé.
Nou vlé ofri-L gnou kado,
Sé pa lò, min kè nou nap pòté.
Li té vini - Li té soufri
Jusk a lan mò,
Pou minnin nou - Ak tout moun tou,
Nan kay-L an ro.