Chant d'Espérance Revival
142

Sièl la si bèl, O Etènèl

Chants d'Espérance Kreyòl
▶ Écouter sur YouTube
1


Sièl la si bèl, O Etènèl,
Li palé nou sou la gloua ou,
Min gin gnou bagay ki pi bèl:
Sé lè jé nou ouè Parol ou.

2


Bèl solèy la ki bay lumiè,
Pèmèt nou ouè gran puisans ou,
Min nan la Bib, bèl liv si chè,
Nou jouinn justis ak la gras ou.

3


Solèy, la lun, bèl zétoual tou,
Kléré la tè, lé monn antiè.
Sé kon sa tou, vérité ou,
Sé pou tout moun sou la tè.

4


Lévanjil la, mésaj la gras,
Pap janm rété, jouk lè tout moun
Vi-n jouinn ak Jézu fas a fas -
Li mouri pou-l pa pèdu gnoun.

5


Bon Jézu-Kri, Lumiè lé monn,
Kléré tout moun ak lumiè ou.
Lévanjil kap rann saj tout òm,
Minm sa ki jinn, minm sa ki fou!

6


Ki bèl mèvèy nou kapab ouè,
Sé moun ki vi-n chanjé, sové.
Ségnè, sové-m, ban-m gnou bon kè.
Ak Parol ou map jouinn la pé

Précédent141 · Nan pouin angnin ant nanm mouin é Sovè-mSuivant143 · Min Jézu yo janti pou fè tout moun biin