16
Ou pa doué pè angnin
Chants d'Espérance Kreyòl
Vèsion kreyòl « No, Never Alone »: mouin pa janmin sèl, Jézu ap véyé mouin.
1
Ou pa doué pè angnin;
Mouin toujou ak ou:
Min promès la, krétiin,
Ki soutni kè nou.
Rout sou tè a mèt noua,
Sa pap fè mouin pè;
Nanm mouin plin ak éspoua,
M-ap maché ak bon Sovè-m.
Kè
Mouin pa janmin sèl; (2 foua)
Jézu, Sovè-m, ap véyé mouin,
Li pa janm kité mouin sèl.
Mouin pa janmin sèl; (2 foua)
Jézu, Sovè-m, ap véyé mouin,
Mouin pa janm rété tou sèl.
2
Solèy la kléré biin,
Lè bèl tan sèlman;
Min Jézu, lumiè mouin,
Li kléré tout tan.
Lè mouin pa ouè klèté
Solèy ki si bèl,
Nan ninpòt ki koté
Jézu parèt - mouin ouè sièl.