39
Moun yo ki obéi, é kap suiv Jézu-Kri
Chants d'Espérance Kreyòl
La joua ak la pè moun kap suiv Jézu-Kri: yo kontan é trézò yo an ro.
1
Moun yo ki obéi,
E kap suiv Jézu-Kri,
Yo kontan é trézò yo an ro.
Lé zòt yo pa konnin
Ni la joua ni la pè
Nan kè tout moun kap suiv Sovè yo. (2 foua)
2
Pandan tout la jounnin,
Sé non Kris map chanté.
Mouin ta souété tout moun konnin Li.
Mouin sètin li rinmin-m;
Li mouri pou sové-m
Avèk tout moun kap vini jouinn Li. (2 foua)
3
Sé gnou favè divin,
Sé gnou gran joua san fin;
Jézu rété nan kè-m, mouin konn sa.
Mouin posédé Sovè-m.
Mouin konnin li béni-m
Kòm si tout amou Bon-Dieu té la. (2 foua)