A la gnou Zanmi sé Jézu
Vèsion kreyòl « What a Friend We Have in Jesus »: jouinn ak li nan la priè.
A la gnou Zanmi sé Jézu,
Tout péché nou sé chaj li!
A la gnou biinfè: pou pòté
Pinn ba li nan la priè!
Konbiin foua la pè nou pèdi,
Konbiin chagrin nou subi;
Pouki? Paské nou pa pòté
Tout ba li nan la priè.
Si gin tantasion ak touman,
Ou traka ninpòt kouman,
Nou pa pou janm dékourajé:
Jézu la nan la priè.
Ki lès zanmi ki si fidèl,
Ki fè nanm blié doulè-l?
Jézu konnin sa féblès yé:
Jouinn ak li nan la priè.
Nou santi-n fèb? Nou pa kapab?
Ki lès flo napé pasé?
Sovè a di li résponsab:
Jouinn ak li nan la priè.
Si zanmi ou yo blié ou,
Di Jézu-l, li tandé ou.
Lapé tann ou, bra li louvri.
Jézu vlé ba ou la vi.