Chant d'Espérance Revival
11

Li ba nou plus gras

Mélodies Joyeuses Kreyòl
▶ Écouter sur YouTube
1


Li ba nou plus gras
Lè fado nou vi-n pi lou.
Li ba nou plus fòs
Lè travay nou pi rèd.
Nan mitan lafliksion
Zéprèv yo ak danjé
Nan amou-L Li ba nou
La pé ki pi dou.

Kè

L'amou Li san mézu,
Gras Li sé pou tout mounn
Puisans Li pi gran
Pasé konésans nou
Nan richès infini
Li gingnin nan Jézu
Li ba nou, Li ba nou,
Li ba nou toujou.

2


Lè tout amou, tout pasians
Nou gin tan fini;
Lè nou pèdu tout fòs
Minm avan midi;
Lè nou manké kouraj
Pou maché nan rout Li;
Lè sa Dieu kòmansé
Ba nou puisans Li.

Précédent10 · Mouin kanpé sou tout promèsSuivant12 · An nou chanté la viktoua