41
Sou gnou mòn bandonné
Mélodies Joyeuses Kreyòl
1
Sou gnou mòn bandonné,
Gnou vié koua té planté,
Koté brigan yo gin pou mouri.
Min sé sou minm koua sa a,
Jézu mouri pou mouin,
Pou-m kapab patajé tout gloua Li.
Kè
Yo té kloué Jézu sou la koua;
E sé la Li té mouri pou mouin.
M-apé viv pou gloua Li sou tè sa a,
E gnou jou m-a va ouè Li nan sièl
2
Pou tou sa-k té rivé,
Sou la koua nan jou sa a,
M-a va toujou gin rékonnésans;
Paské tout Jézu fè,
Li té fè-l nan plas mouin,
Pou ban mouin la vi nan abondans.
3
Kon yo tué Jézu,
Ki té Pitit Bon-Dieu,
Yo pa vlé ouè mouin-minm non plus.
Min mouin pito suiv Li,
Nan tou sa k-a rivé,
Pasé tou sa-m ta jouinn sou tè sa a.