Chant d'Espérance Revival
111

Pawòl Vivan-an

L'Ombre du Réveil
▶ Écouter sur YouTube
1

Papa mwen chita devan-w maten an
Men ti Bib mwen louvri devan-m
M'ap mande-w tanpri louvri lespri mwen
Pou'm ka konpran-n pawòl ki ladan-l
Pou-m ka sonje se ou ki papa mwen
Pou-m toujou fè tout sa ou di mwen
Mwen bezwen fòs LespriSen ou anpil
Pou'm rete toujou nan bon chemen

Kè

Lave-m ak dlo vivan
Nouri-m ak pawòl vivan
Pou-m sèvi Bondye vivan
Toutotan mwen rete vivan

2

Mèsi Bondye ou ban mwen pawòl sa-a
Lè-m dekouraje li ban mwen fòs
Lè-m grangou, lè mwen swaf mwen sipòte
Pawòl sa gen pwoteyin ladan-l
Tanpri pa kite-m pase yon maten
Pou-m pa pran randevou ak Bib mwen
San-m pa jwen-n medikaman mwen bezwen
Pou pase jounen-an ak Bondye.

Précédent110 · SalitasyonSuivant112 · Mwen Beni