132
Mèsi Bondye
L'Ombre du Réveil
1
Mwen te gen tan pèdi
Bondye ban mwen lavi
Mwen pat men-m yon voryen
Bondye fè-m moun debyen
Lavi-m te tèlman tchak
Men Bondye tè mirak
Li pouse-m repanti
Li fè-m kado lavi
Kè
Mèsi Bondye pou kado lavi
Mèsi Jezu ou ban-m Sentespri
Mèsi Papa mwen gen JezuKri
Mèsi anpil se wou-k te chwazi
2
Bondye toujou konnen
Sa ki pi bon pou mwen
Se sa'k fè mwen sèten
M'ap byen jiska lafen
Mwen pa bezwen plenyen
Ni tristès ni bezwen
Lè bagay mangonmen
Bondye toujou ak mwen