Chant d'Espérance Revival
42

Mwen te twouve-m

L'Ombre du Réveil
▶ Écouter sur YouTube
1

Mwen te twouve-m yon jou nan
yon wout difisil
Mwen t'ap mande ki kote mwen prale
Mwen tande yon vwa dous
K'ap rele-m vin jwen-n li
Depi lè sa mwen konnen-m asire

Kè

Pou-m antre Kanaran nan bèl vil selès la
Fò-m aksepte soufri avèk lafwa
Nan dezè ya m'konnen fòk genyen dlo nan je
M'ap lite pou'm kapab wè Sovè mwen

2

Si gen grangou, lapèn ak mizè tèt chaje
M'ap leve je-m gade bon Sovè mwen
Mwen deside-m tout bon fòk mwen rive laba
Kote mèt mwen pra'l ban-m vrè rekonpans

3

Sa gen lontan depi m'ap soufri sou wout la
Malgre traka mwen kwè ma va rive
Mwen tande vwa Jezu k'ap di mwen pran kouraj
Lè ma rive ma bliye tout traka

4

Nan dezè ya m'konnen fòk gen dezolasyon
Fòk gen traka tristès ak tèt chaje
Men malgre tou m'konnen m'ap wè vil Kanaran-an
Kote zanj yo ak Kris pral di-m bravo.

5

Zanmi mwen si nou vle pou'n wè vil kanaran
Fò-n bay Jezu vrè direksyon vi nou
Pa pè pa krent men-m si wout la parèt fè nwa
Genyen yon jou tout bagay va fini.

Précédent41 · O Gade JezuSuivant43 · Jezu la kounye ya