Golyat
Mwen tande briya kouri
Menm senkant fwa deja
Jodya zòrèy mwen tande-l
Se sa'k fè-m kwè se vre
Golyat kanpe devan-m
Ala yon gwo gason
Chak mo-k sòti nan bouch li
Te fè cheve-m sekwe
Wi, Golyat ou gwo nèg vre
Men w'ap pèdi batay la
Lè piti ya ki devan-w
Kanpe nan non Bondye
Ni pisans, fòs ak ladrès
Se Bondye ki bay yo
Jodi-ya monchè Golyat
Ti zwazo pral bwè san-w
Tout pèp la te reyini
Je tout nèt te sou mwen
Lè Golyat t'ape pwoche
Li panse-l t'ap kraze-m
Je li te fè zèklè
Misye fache tout bon
Men-m lè nepe-l anlè
M-konnen-m t'ap gen viktwa
Wi mwen kraze Golyat vre
Avèk yon ti gren-n ròch
Pisans Bondye avè-m
Disparèt gwo nèg sa-a
Peche yo se Golyat
Lè yo vin sou wout mwen
Mwen rele Bondye wa tout wa
Mwen gen viktwa sou yo