92
Dife tonbe
L'Ombre du Réveil
1
Mwen renmen chante yon si bèl istwa
Depi Kris te sanktifye mwen
Kon nan-m mwen te jwen-n yon kado lajwa
Depi Kris te sanktifye mwen.
Kè
Mwen pap jan-m bliye jou sa-a
Dife tonbe (3 fwa)
Mwen pap jan-m bliye jou sa-a
Dife tonbe lè Jezu te sanktifye mwen.
2
Plezi lemon-n vin pa enterese'm
Lè Jezu te sanktifye mwen
Le Sentespri te chanje lavi mwen
Lè Jezu te sanktifye mwen.
3
Mwen pa ka bay frè-m yo manti ankò
Depi Kris te sanktifye mwen
Mwen pa ka fè tripotay sou sè mwen
Depi Kris te sanktifye mwen
4
Kò mwen vin yon tanp pou le Sentespri
Depi Kris te sanktifye mwen
Mwen pa ka viv nan peche sal ankò
Depi Kris te sanktifye mwen.