2
Bon-Dieu ak mouin
Haïti Chante avec Radio Lumière
Bon-Dieu ak mouin n-ap maché
Si byin ansanm,
Nou sé zanmi intim, amou Li gran,
Nou kozé souvan nan chémin la vi a
M- pa bézouin pè,
Li pran souin mouin tout tan..
(3 lign yo 2 foua)
2
Bon-Dieu ak mouin n-ap maché
Si byin ansanm,
Tout bagay konkou ansanm
Pou byin mouin,
Li toujou la, malgré mouin pa kab ouè Li
Li égzanté mouin nan mové chémin.
(2 lign yo 2 foua)
3
Bon-Dieu ak mouin n-ap maché
Si byin ansanm,
Li fè-m konnin tout plan sélès Li fè,
Li ba mouin fòs pou maché nan la vi sa a
M-a réjoui ak Li pou létènité.
(2 lign yo 2 foua)