Chant d'Espérance Revival
27

Min, oui, mouin kontan

Haïti Chante avec Radio Lumière
▶ Écouter sur YouTube

Gingnin gnou chan nan kè mouin jodi
Ki pa té la lontan,
Li la dépi mouin vi-n konvèti,
Pou sa mouin kontan.

Kè

Min, oui, mouin kontan, kontan,
Min, oui, mouin kontan, kontan,
Paské Jézu déja viv nan kè mouin
Min, oui, mouin kontan.

2

Sé lamou admirab Li mété
Nan gnou kè atristé
Minm jan fè noua mouin gin doua chanté
Li fè-m satisfé.

3

Komunion ak Kris bay gnou frèchè
Lang pa kab fi-n palé
M-ap maché avèk Li nan lumiè
Pou sa m-a chanté.

4

Vini jouinn Jézu-Kri ou minm tou
Pandan ou gingnin tan
E ou va patajé la joua nou
E ou va kontan.

Précédent26 · Ki sa pou-m ba ou Mèt mouin?Suivant28 · Apré