41
M-a toujou piloté ou
Haïti Chante avec Radio Lumière
Pafoua lè kè mouin vlé douté
E-m pa kapab ouè solèy
Mouin voyé jé mouin sou Jézu,
Tanpri, Mèt, piloté mouin.
Kè
Pa pè paské m-a avèk ou,
M-a toujou piloté ou,
Pa okupé vag la mè a
Konfié nan mouin pou toujou.
2
Souvan lè nanm mouin fatigé,
E jounin an vlé trénin,
Mouin gadé koté pilot la,
E sé chan sa mouin tandé.
3
Lè tantasion yo antouré-m,
E-m prèské pèdu chémin,
Nan mitan tanpèt anrajé,
Sové a palé ak mouin.
4
Lè mouin rivé bo Joudin an,
Riviè a ap débòdé,
Sou rivaj mouin ouè Sové a,
Li la pou piloté mouin.