53
Nan pi fon kè mouin
Haïti Chante avec Radio Lumière
Lè mouin ouvri pòt kè mouin ba Jézu
Li ba mouin gnou joua mèvéyé,
Sé gnou joua ki va duré tout tan
Sé sou Jézu li konsantré,
Kè
Nan pi fon kè mouin
Lamou Jézu apé chanté,
Nan pi fon kè mouin
La pé ak la joua ap pousé
Nan pi fon kè mouin
Léspérans apé soulajé,
Joua, pé, amou, éspérans
Nan pi fon kè mouin.
2
Li ba mouin gnou kalité la pé
Ki va supòté tout détrès,
Akòz mizérikòd infini
M-ap joui gnou amou ki sélèst.
3
Li ba mouin gnou pafèt éspérans,
Ké gnou jou figu Li m-a ouè,
M-ap fè rout mouin plin ak réjouisans
Ak la joua, léspérans, la pé.