Chant d'Espérance Revival
84

Pa mérité pi piti nan favè Li

Haïti Chante avec Radio Lumière
▶ Écouter sur YouTube

M-pa mérité pi piti nan favè Li
Min Kris kité sièl la pou mouin
Paròl la tounin chè,
Nan plas mouin Li mouri
Sou boua Kalvè abandonnin.

Kè

M-pa mérité li! Lang sa déklaré li;
M-pa mérité li! Kè mouin konstaté li;
Kris troké plas ak mouin pou ba-m la vi!
Sou boua Kalvè abandonnin.

2

M-pa mérité pi piti nan favè Li
Min nan Jézu-Kri mouin kanpé.
Li té akòdé mouin tout richès infini
Ak Kris mouin gnou ko-éritié.

3

M-pa mérité pi piti nan favè Li
Min L-alé préparé gnou plas,
Koté n-a joui prézans gran Rédanmtè béni,
Pou tout tan n-a ouè-L fas a fas.

Précédent83 · Jour par jourSuivant85 · Li sé gnou Dieu damou!