Chant d'Espérance Revival
21

Pandan-m vi-n jwen Jézu

Réveillons-nous Chrétiens
▶ Écouter sur YouTube
1

Pandan-m vi-n jwen Jézu
M-wè nan pwen chaj ankò
Ka Jézu weté yo li maté-m an libèté
M-té gen gad pou-m péyé
Libera pou-m te chanté
E anpil lòt bagay pou-m te kapab sové.

Kè

Men Jézu di mwen non
Se pa sa pou mwen fè
Se pou mwen sèvi Bondié
Pou mwen kapab sové
Nan pwen anyen sou la tè
Ki kapab sové pèson
Nan tout bagay se pou-n
Rélé Bondié.

2

Mwen te desan-n sentiv
Mwen tale pran de vozyon
Chaplè mwen te nan men-m
Meday sen te nan kou-m
Etan-m tap liminen
Men difé te pran sou mwen
Si pa te levanjil
Dépi lè-a-m ta mouri.

3

M-talé bakonwa, m-tale konsilté ougan
Lè-m rivé bakonwa
Li monté yon chat nwa ban mwen
Lè-m rive pòtoprens
Men chat la vlé dévoré-m
Granmesi levanjil ki te ban mwen lavi.

4

Mwen tale sentandre
Mwen tale mande-l maryaj
Lè-m rive sentandre
Yo repon-n mwen pou-m maryé
Mwen te maryé Samedi
Nan Lendi mwen divòsé
Yo te ban-m sentandré
Yo pate ban-m Jézu-Kris.

5

Mwen tale vil bonè
Mwen talé chaché bonè
Lè-m rivé mò-n kabrit
Kamyon chaviré avè-m
Lamen de Létènèl
Ki sove-m ki delivré-m
Gran mèsi levanjil
Ki té ban mwen la vi.

Précédent20 · Frè-m ak sè-m yoSuivant22 · Ne crains pas la tempête