40
Satan ap vire ron nan kat kwen la tè
Réveillons-nous Chrétiens
1
Satan ap vire ron nan kat kwen la tè
Lap mennen kanpagn li lè ya pre rivo
Tou sa ki pa douat yo mete men sou yo
Kretien yo protege
Kè
Gade mon chè pa manyen-m tandé
Ou gen lè pa wè mwen gen yon so sou mwen
Gade mon chè pa manyen-m tandé
Ou gen lè pa wè-m sové
2
Li antre nan l'Egliz li fè moun dòmi
Li bouché zorèy yo yo pa tandé mésaj
Lè yo pralé dòmi yo pa songé priyé
Li poté victoua sou yo
3
Gen anpil jè-n gason andedan l'Egliz
Avec anpil jè-n fi ki pa konn valè yo
Lè yo wè yo fiancé se yon vrè plasaj
Yo pa gen krent pou Bondié