Laza te nan mizè min li té genyen Jézu
Laza te nan mizè min li té genyen Jézu
Nonm rich la tap réjoui min-l pat konnin Jézu
Nonm rich-la vi-n mouri é Laza té mouri tou
Laza té monté nan syèl, nonm-m rich-la té rété atè.
Vlopé-m maré-m antéré-m nan vyé nat la
Vlopé-m maré-m avèk Jézu
Pasé pou-m ta gen bèl entèman pou mouri san Jézu
Vlopé-m maré-m, antéré-m nan vyé nat-la.
Gen anpil moun ki konpran-n paské yo genyen lajan
Yo pa vlé konvèti yo pa vlé sèvi Bondyé
Lè moun sa-yo mouri yo gen pibèl antèman
Tout sa pa itil anyen sé bèl vouayag pou lanfè.
Jodya poum gran nèg fok kay moin fèt an Nò
Sèkey mwen fèt an Nò Fòtèy mwen sé pa palé
Tout gran panpan sa-yo tout sa-yo se vanité
Vlopé-m nan moso katon pou-m alé avèk Jézu
Jodi-a pou-m gran Nèg e demin pou-m ta mouri
Antèman dimil dola, tout moun ap pale de moin
Asouè kou-l fè minuit malfektè vin-n pran zonbi-m
Minotè-m de bra dèyè rele di map pase.