Chant d'Espérance Revival
68

Mouin t-ape viv nan peche

Réveillons-nous Chrétiens
▶ Écouter sur YouTube
1

Mouin t-ape viv nan peche
Nan lemonn sa-a ki trouble
E m-te fè anpil bagay mouin pat doué fè
Mouin mande joupa nan rout
Di mouin kote pou-m rete
Pou mouin jouin lapè la joua, lamou san fin

Refrin:
Lotbò pon-an p-ap gin traka
Lotbò pon-an p-ap gin tristès
Solèy klere lotbò riviè-a
E mouin p-ap janm gin dlo nan zye-m ankò

2

Segnè Jezu roua mouin,
Jouk mouin tande voua-l sonnin
Mouin va chante tout mèveye Jezukris
Rivyè joudin-an va prè
Voua tronpèt la va sonnin
E m-va ouè bèl kote lèzòm pa janm ouè

3

Lè m-a rive nan syèl la
M-a chita ak byineme
E m-a chante gloua li pou Letènite
Kè mouin va ranpli ak joua
Lè-m va ouè vil selès la

Précédent67 · O ala mouin boulvèsaSuivant69 · L'Esprit Content est un trésor