Chant d'Espérance Revival
2

Sou you mòn abandoné

La Voix du Réveil — Kreyòl
▶ Écouter sur YouTube
1

Sou you mòn abandoné
You vié koua té planté
Koté brigan yo gin pou mouri
Min sé sou min-m koua sa-a
Jézu mouri pou mouin
Pou-m kapab patajé tout gloua li.

Kè

Yo té kloué Jézu sou la koua
E sé la li té mouri pou mouin
Mapé viv nan gloua li sou tè sa
E you jou ma va ouè li nan sièl.

2

Pou tou sa kab rivé
Sou la koua nan jou sa
Ma va toujou gin rékonésans
Paské tout Jézu fè
Li té fè-l nan plas mouin
Pou-l ban mouin la vi an abondans.

3

Kòm yo touyé Jézu
Kité pitit Bon Dié
E yo pa vlé ouè mouin min-m non plus
Min mouin pito suiv-li
Nan tout sa kab rivé
Pasé tout sam ka jouin sou tè sa a.

4

Mouin té pèdi nan boua
Mouin té sal ak péché-m
Mouin pat jouinn pèson vin ban-m la min
E mouin té fin pèdi
Jézu ban mouin chémin rout sièl-la.

Précédent1 · Map kalkilé-m you jouSuivant3 · Nan la Bib yo raconte