Chant d'Espérance Revival
105

A la bèl gloua, maché ak Jézu!

Chants d'Espérance Kreyòl
▶ Écouter sur YouTube
1

A la bèl gloua, maché ak Jézu!
Li vèsé san-l pou mouin;
Nanm mouin pran plézi nan li chak jou,
Sé gran joua lè Jézu koté mouin,
Li ak mouin tou patou.
Gloua a Dieu!
Sé gnou bèl gloua pou mouin.

Kè

A la bèl gloua, maché ak Jézu! (2 foua)
Li kondui-m nan tout chémin,
Li kinbin-m, sa sé sètin;
A la bèl gloua, maché ak Jézu.

2

A la bèl gloua, minm lè li fè noua,
Pou-m konnin li tou pré;
Alò m-prié ak konfians, ak foua;
A la bèl gloua, santi li tou pré
Lè chémin mouin plin joua.
Gloua a Dieu!
Sé gnou bèl gloua pou mouin.

3

A la bèl gloua, lè, la kay Bon-Dieu,
Ak li m-a va maché,
Pou toujou koté-l m-a va rété;
Sa va gnou mèvèy lè map chanté
Pou tout létènité.
Gloua a Dieu!
Sé gnou bèl gloua pou mouin.

Précédent104 · Jézu résusité!Suivant106 · Min gnou bèl istoua: Kris té kité tout gloua