Chant d'Espérance Revival
107

Kè mouin trankil, O Bon-Dieu mouin

Chants d'Espérance Kreyòl
▶ Écouter sur YouTube
1


Kè mouin trankil, O Bon-Dieu mouin,
Mouin vlé di Ou mèsi.
Kè mouin rété nan sous la vi,
Kè mouin an pé ak Ou.
Pa gin angnin sou la tè, sòf Ou
Ki kapab satisfè-m.
Lè mouin bouè nan tout sous lé moun yo,
Kè mouin gin souaf toujou.

2


Mouin souaf sous yo la vi sélès,
E yo tou pré-m nan Ou.
Mouin bézouin trézò amou Ou,
E li tou pré mouin tou.
Mouin jouinn gnou nouvo chan nan bouch
Sou pi bèl muzik la, (mouin
Gloua a Bon-Dieu pou tout gras li a.
Mouin poko résévoua.

3


Gloua a Bon-Dieu lè fòs manké,
Pou féblès é bézouin,
Pou la krint ki fè-m jouinn ak Ou,
Pou sa Ou gin pou mouin.
Mouin gin gnou éritaj la joua,
Min mouin poko kab ouè-L.
Sé min a ki singnin sou la koua
Kap kinbin li pou mouin.

4


Kè mouin trankil, O Bon-Dieu mouin,
Kè mouin sé nan min Ou,
Mouin tandé gnou bèl voua la joua
Kap sonnin tou patou.
Gin anpil moun kap di parol sa:
«Létènèl sé lo pa-m.»
Mésaj la nan bèl kantik sa
Papé janmin suspann.

Précédent106 · Min gnou bèl istoua: Kris té kité tout glouaSuivant108 · La bib di nou, té gin gnou nonm