Chant d'Espérance Revival
22

Ségnè Bon-Dieu, mouin vlé la vi-m ka ranpli ak louanj

Chants d'Espérance Kreyòl

Vèsion kreyòl « Fill Thou My Life, O Lord My God »: tout la vi-m pou louanj Bon-Dieu.

▶ Écouter sur YouTube
1

Ségnè Bon-Dieu, mouin vlé la vi-m
Ka ranpli ak louanj,
Nan tou sa-m yé, ak tou sa-m fè,
Plè ou tankou lè zanj.

2

Sé pa sèlman louanj lèv mouin,
Ni sèlman louanj kè,
Mouin mandé ou édé-m ofri
Louanj ou a tout è.

3

Mouin vlé loué ou tout tan, minm
Nan bagay òdi-nè;
Chak kou mouin sòti ou rantré,
Epi nan tou sa-m fè.

4

Fè ké tout pati nan mouin-minm;
Kò, nanm avèk léspri,
Kap chanté louanj ou, Ségnè,
Malgré m-fèb é piti.

5

Sé kon sa, Ségnè, mouin-minm minm,
Va glorifié ou,
E m-va kòmansé sou la tè
Chan ki pou lé sièl tou.

6

Tout la jouné avèk lan nuit,
Va sin, lè m-fè kon sa,
M-va gin gnou komunion pafè
Ak ou, minm isi ba.

Précédent21 · Béni kòd ki maré kè nouSuivant23 · Mouin kanpé sézi nan prézans Jézu