Chant d'Espérance Revival
24

Jézu sé tout bagay pou mouin

Chants d'Espérance Kreyòl

Vèsion kreyòl « Jesus Is All the World to Me »: la pé, la joua, la vi.

▶ Écouter sur YouTube
1

Jézu sé tout bagay pou mouin:
La pé, la joua, la vi;
Sé li ki fòs mouin tou lé jou,
Mouin ta tonbé san li.
Lè m-santi-m tris, sé li m-chaché;
Si-l pa té la, sa mouin ta fè?
Lè m-santi-m tris, li fè mouin gé;
Li rinmin-m.

2

Jézu sé tout bagay pou mouin,
Nan tout éprèv chak jou.
M-alé koté-l pou biinfè,
E li ban mouin yo toujou.
Li voyé solèy ak la pli,
Li ban nou rékolt avèk foui;
Solèy, la pli, rékolt ak foui;
Li rinmin-m.

3

Jézu sé tout bagay pou mouin;
Mouin va rété fidèl;
Li si fidèl pou mouin toujou,
Mouin pa kapab nié-l.
Lè map suiv li, mouin pap pèdu;
Li véyé mouin jou avèk nuit;
Mouin pou suiv li jou avèk nuit;
Li rinmin-m.

4

Jézu sé tout bagay pou mouin;
Pa gin pi bon zanmi;
Ma mété pou létènité
Tout konfians mouin nan li.
Lè li rinmin-m, sé bèl la vi;
Li bèl, li papé janm fini;
Vi étènèl! Joua étènèl!
Li rinmin-m.

Précédent23 · Mouin kanpé sézi nan prézans JézuSuivant25 · Té gin katré-vin-diz-nèf mouton yo