Chant d'Espérance Revival
29

Mouin louvri kè mouin

Chants d'Espérance Kreyòl

Gnou priyè konsékrasion: mouin louvri kè mouin, léspri-m ak nanm mouin pou résévoua Jézu.

▶ Écouter sur YouTube
1

Mouin louvri kè mouin,
Pou-m résévoua ou.
Jézu, Sovè mouin,
Kè mouin bézouin ou;
Mouin santi mouin sèl;
Kè mouin fatigé;
Viv ak ou ta bèl,
Ou kab ban-m la pè.

2

Mouin louvri léspri-m,
Pou-m résévoua ou.
Jézu-Kri, Ségnè-m,
Rété la toujou.
Vini pou régné,
Gidé tout bagay.
Pou dirijé-m biin
Ma suiv lòd ou bay.

3

Mouin louvri nanm mouin
Pou-m résévoua ou.
Bon Rédanmtè mouin,
Kò mouin pou ou tou.
Pou ban mouin la vi,
Pa manké angnin,
Pou mouin ou mouri!
Pran kò-m, vi-m, nanm mouin.

Précédent28 · Amou Bon-Dieu pi gran paséSuivant30 · Mouin-minm sé gnou moun tèlman mizérab