42
Map gadé ou ak foua, Agno Bon-Dieu sou boua
Chants d'Espérance Kreyòl
Vèsion kreyòl « My Faith Looks Up to Thee »: Agno Bon-Dieu, Sovè si dou.
1
Map gadé ou ak foua,
Agno Bon-Dieu sou boua,
Sovè si dou.
Kouté mouin lè-m prié,
Lavé-m nan tout péché;
Dépi jodi mouin vlé
Mouin tout pou ou.
2
Ban-m gras pou rafréchi-m;
Fòs kè mouin ofébli
Dé tan-zan-tan.
Kòm ou mouri pou mouin,
Sé pou lamou mouin gin
Pou ou, rété san fin
Gnou flanm vivan.
3
Ténèb kouvri chémin-m,
Doulè patou koté-m;
Gid mouin sé ou.
Fé noua tounin lumiè;
Ouété krié doulè,
Pa janm lésé-m kité
Bò koté ou.