O gran amou ki té rachté-m
Gnou chan sou gran amou Bon-Dieu ki lévé nanm nou nan lan mò.
O gran amou ki té rachté-m
Nan péché a,
Koupab é sal jan mouin té yé
M-pat gin éspoua.
Lè sa m-té nan gnou gran fè noua
O ki gran jou!
Li lévé nanm mouin nan lan mò,
Ki gran amou!
Ki gran amou pou rachté nanm mouin,
Ki gran amou pou géri kè mouin.
Amou sa voyé Ségnè-m mouri.
Ki gran amou! Adoré sin non Li.
Amou sa fè Sovè-m mouri
Sou boua Kalvè
Pou péchè ki rébèl kont Li.
Kouman sa yé?
Amou fè pon ant mouin ak sièl,
Li pou mouin tou,
Mouin padonnin, mouin pa tou sèl,
Ki gran amou!
Amou té louvri pòt lumiè
Rouayom sièl la.
Jézu va parèt la an lè,
L-a résévoua-m.
Amou té lévé-m nan malè.
A la gnou jou!
Pat gin lot èd sou tout la tè,
Ki gran amou!