Chant d'Espérance Revival
53

Gnou jou avan kouché solèy

Chants d'Espérance Kreyòl

Vèsion kreyòl « At Even, Ere the Sun Was Set »: Jézu géri malad yo, li gin toujou minm puisans.

▶ Écouter sur YouTube
1

Gnou jou avan kouché solèy,
Anpil malad té rété la
Dévan Jézu, nan gran doulè.
Biinto yo alé avèk joua.

2

Gnou foua anko sé asouè tou,
E nou proché bò Jézu-Kri.
Ségnè, si nou pa ouè kò Ou,
Nou kouè Ou isit ann éspri.

3

O Sovè, chasé tout malè.
Gin pami nou moun ki soufran,
E dòt ki tris, ou nan mizè;
Dòt kap soufri nan min Satan.

4

Lé monn tronpé jinn jan ak fi,
E yo rété la dan toujou!
Gin moun ki gin movè zanmi,
Poutan yo pa vlé vi-n jouinn Ou!

5

E tout moun yo bézouin la pè,
Sové dé tout bagay ki fo.
Min moun yo kap suiv Ou pi pré,
Santi péché andan kè yo!

6

O Sovè Kris, Ou sé moun tou.
Lè sou la tè Ou té gnou nonm,
Ou té grangou ak tanté tou.
Ou konn sa ki nan kè lè zòm.

7

Min Ou gin toujou minm puisans,
Paròl Ou gingnin fòs toujou.
Béni nou tout ann abonndans,
E asouè a vi-n géri nou.

Précédent52 · O gran amou ki té rachté-mSuivant54 · Lévé, nanm mouin, ak solèy la