Chant d'Espérance Revival
63

A la gnou bèl bagay ki nan vi mouin rivé

Chants d'Espérance Kreyòl

Vèsion kreyòl « Since Jesus Came into My Heart »: lè Jézu vini nan kè mouin.

▶ Écouter sur YouTube
1

A la gnou bèl bagay ki nan vi mouin rivé
Lè Jézu vini nan kè mouin.
Mouin gin lumiè nan kè-m, sa-m té toujou chaché
Lè Jézu vini nan kè mouin.

Kè

Lè Jézu vini nan kè mouin, (2 foua)
La joua mouin débòdé pasé gnou gran riviè
Lè Jézu vini nan kè mouin.

2

Mouin suspann voyajé nan gnou movè chémin
Lè Jézu vini nan kè mouin.
San Jézu éfasé tout péché m-té gingnin
Lè Jézu vini nan kè mouin.

3

Mouin té jouinn gnou éspoua ki va duré tout tan
Lè Jézu vini nan kè mouin.
E nan pouin dout ankò nan kè mouin kòm avan
Lè Jézu vini nan kè mouin.

4

Mouin gin gnou lumiè ki kléré santié lan mò
Lè Jézu vini nan kè mouin.
E m-kapab ouè pòt sièl la ki louvri lòt bò
Lè Jézu vini nan kè mouin.

5

Mouin gingnin nan sièl la gnou kay pou mouin rété
Lè Jézu vini nan kè mouin.
Mouin kontan, biin kontan, bonè mouin asuré
Lè Jézu vini nan kè mouin.

Précédent62 · Lontan mouin té rété nan lògèySuivant64 · Minnin mouin, O Bon Sovè