Chant d'Espérance Revival
8

San Sovè, san Bon-Dieu, sa ou va fè?

Chants d'Espérance Kreyòl

Gnou chan apèl: san Sovè, lè lan mò rivé, sa ou va fè?

▶ Écouter sur YouTube
1

San Sovè, san Bon-Dieu, sa ou va fè?
Lè ou apé mouri, sa ou va fè?
Lè sa li sérié, nanm ou pralé;
Ki sa ou va tounin; sa ou va fè?

2

Ou-minm kap ri tout tan; sa ou va fè?
Jou sa ou va tou sèl; sa ou va fè?
Si lè lan mò vini, ou pa paré,
La pè va sézi ou; sa ou va fè?

3

Eské gin gnou koté pou ou kaché?
Lè Bon-Dieu rélé ou, sa ou va fè?
Gran moun tan ap pasé; jèn jan, jèn fi;
Moun ki rinmin péché; sa ou va fè?

4

Moun ki rinmin Jézu, al jouinn Bon-Dieu;
Li bon, li patènèl; li sové yo.
Lan mò pa fè yo pè, Jézu ak yo;
Li kaché yo nan bra-l, li sové yo.

Précédent7 · Jézu, sèl unik éspéransSuivant9 · Nan pouin lan mò! Krétiin yo pa kab pèdu