Nan pouin lan mò! Krétiin yo pa kab pèdu
Gnou chan viktoua: krétiin pa pèdu, Jézu vivan pou kinbé nou.
Nan pouin lan mò! Krétiin yo pa kab pèdu;
Parol Bon-Dieu asuré salu mouin.
Mouin té pèdu, koul yé a mouin sové,
Oui, mouin sové nan Kris, Sovè divin.
Nan pouin lan mò! Sé la gloua, Alélouya!
Pitit Bon-Dieu nan plas mouin té soufri;
Li té pran plas mouin pou mouin kapab sové,
E li té sové mouin nan tout gras li.
Nan pouin lan mò! Péché mouin yo padonnin
Mouin asuré puiské Jézu mouri.
Fòs Satan ki té donté mouin fi-n krazé,
Jézu vivan pou kinbé-m avèk li.
Nan pouin lan mò, paské lè kò-m ap mouri,
Nanm mouin apé monté tou douat nan sièl;
Ak tout frè yo ma rété nan prézans li,
Mouin té konfié-m nan li, Sovè étènèl.