Chant d'Espérance Revival
11

San Jézu mouin pa kapab viv

Chants d'Espérance Kreyòl

Gnou chan konfians: Sovè-m ap véyé, li pap kité mouin néyé.

▶ Écouter sur YouTube
1

San Jézu mouin pa kapab viv,
Mouin pa sa fè gnou sèl pa;
Sé li-minm sèl mouin ta vlé suiv.
Mouin suiv li jouk sa kaba.

Kè

Angnin mouin pa gin pou-m krinn,
Puiské Sovè-m ap véyé;
Ma suiv li san mouin pa janm plinn,
Li pap kité mouin néyé.

2

Amou li avèk promès li
Plin kè mouin ak gnou gran joua;
Mouin mèt tou fèb, mouin mèt kagou,
Sètin l-a ban-m la viktoua.

3

Lè fè noua vi-n pou fè-m tranblé,
Avèk li mouin brav fasil;
Lè voua Satan apé grondé
Mouin rété dousman trankil.

4

Jézu, ouété tou sa ki tròp
Nan kè mouin, pou mouin maché,
Purifié mouin, lavé-m, fè-m pròp
Jan Bon-Dieu vlé pou mouin yé.

Précédent10 · Tout bonè mouin nan Jézu-KriSuivant12 · Pandan la nuit, lè bèjé yo