Chant d'Espérance Revival
44

Grand-maman, grand-maman j'aime ton sourire

Réveillons-nous Chrétiens
▶ Écouter sur YouTube

Grand-maman, grand-maman j'aime ton sourire
Ton oeil voilé tes cheveux blancs, quand tu me vois
Ton coeur soupire de tendresse pour tes enfants

1

Maman nap di yon bagay yon mo de remèsiman
Pa gin anyin ki pi chè pasé yon moso maman

Kè

Kè moin ap dansé lang moin dépalé poum duré
Ki jan moin rinmin maman pou jan ou fidèl
Pou jan gin pasians map di ou bonn fèt maman

2

Yon maman pito mouri pasé poul ta fébli
Pasé poul ouè pitit li ap viv nan yon défo
Yon moun ki pa gin maman ou mèt pran leson sa
Pagin anyin ki pi chè pasé yon moso maman.

3

Gin moun ki pa janm konnin inpòtans yon maman
Sé jou lè maman mouri yo vinn wè sal té vo
Nan éprèv nan maladi maman toujou kampé
Pacé poul ouè pitit ap drivé nan lari

Bonn fèt maman chéri jodia moin kontan
Pou moin di ou bonn fèt pou tout sa ou té fè pou moin
Nan maladi kon nan la santé pandan ou te potém 9 moi
Nan vant ou, ou pat janm dékourigé
Diare tap koule nan rad ou ou pat janm dékouragé
Ou banm tété 18 moi ou poté vié fèy legim
Nan poté panié sou tèt ou, ou pa janm dékouragé
Map di ou bonn fèt maman chéri.

Précédent43 · Moin té trouvé-m gnou jouSuivant45 · Jézu e-m konnin bien, sa ou fè pou moin