Chant d'Espérance Revival
43

Moin té trouvé-m gnou jou

Réveillons-nous Chrétiens
▶ Écouter sur YouTube
1

Moin té trouvé-m gnou jou, nan gnou rout difisil
Moin tap mandé ki koté moin pralé
Moin tandé gnou voua dous kap rélé-m vi-n jouin li
Dépi lè sa moin konnin massiré.

Kè

Pou-m antré Kanaran nan bèl vil sélès la
Fò-m aksepté soufri avèk la fwa
Nan dézè-a m-konnen fòk genyen dlo nan jé
Map luté pou-m kapab wè sové-a.

2

Si gen grangou, lapèn ak mizè tèt chajé
Map leve je-m gadé bon Sové-a
Mwen désidé-m tout bon fòk mwen rivé laba
Koté mèt mwen pral ban-m vrè rekonpans

3

Sa gen lontan dépi map souffri sou wout la
Malgré traka mwen kwè m-a va rivé
Mwen tandé vwa Jézi kap di mwen pran kouraj
Lè m-a rive m-a bliyé tout mizè.

4

Nan dézè-a m konnen fòk gen dézolasyon
Fok gen traka tristès ak tèt chajé
Men malgré tou m-konnen m-ap wè vil Kanaran
Koté zanj yo ak Kris pral di-m bravo.

5

Zanmi mwen si nou vlé pou-n wè vil Kanaran
Fò-n bay Jézi vrè direksyon vi nou
Pa pè pa krent men-m si rout la parèt fè nwa
Genyen yon jou tout bagay va fini.

Précédent42 · Séyè konbyin tan ankò pou-n paséSuivant44 · Grand-maman, grand-maman j'aime ton sourire