Chant d'Espérance Revival
13

Letènèl konnen kretyen satan genyen pisans

Réveillons-nous Kreyòl
▶ Écouter sur YouTube
1

Letènèl konnen kretyen satan genyen pisans
Li fè nou nan prezans li, lave nou tou lè jou,
Priye veye jou e nwit, satan pa nan dòmi.
jezu la tou lè jou si m'konfye-m nan li sèl.

Refren

Jezu-Kri la, li avèk nou, li pa pi lwen,
Jezu la tout lè jou, li delivre nou.

2

Lè-n te chita nan Legliz, m'te di m'ansyen;
M'te mete baryè pou levanjil pa preche,
Kris konnen moun li chwazi pou preche levanjil,
Fòk mwen preche levanjil, Jezu ban mwen pisans.

3

Levanjil ki pou preche pou ke yo konvèti,
Fòk se pa san ak lachè lògèy, filozofi.
Lobeyisans pa la fwa ak pisans Sentespri
Sentespri la tout tan e li va ede nou.

4

Lè-m t'ap chwazi relijion m'te chaje ak lògèy,
Moun pat pale avèk mwen Pou-m pat bay repons,
Lè Jezu rantre nan kè mwen.
Mwen vi'n chanje konplètman.
Kris fè-m konnen l'pran chaj mwen
Se pou-m rete kote-l.

Précédent12 · Ann mete-n prè pou JezuSuivant14 · Sòlda Jezu-Kri debou, lè-a rive