Sòlda Jezu-Kri debou, lè-a rive
Sòlda Jezu-Kri debou, lè-a rive
Sovè nou prale parèt an nou leve
Laresistans ap lite nan tout peyi
Pou nou ranvèse rwayòm movè zespri.
N'ap reziste (2 fwa)
Lannwit, lajounen tout tan n'ap reziste
N'ap konbat rwayòm satan; n'ap reziste.
Kont tout tantasyon satan; n'ap reziste.
Kont tout atirans lajan; n'ap reziste
Kont lemonn avèk plezi; n'ap reziste
Kont tout movè zespri; n'ap reziste.
Kont tout kalite peche; n'ap reziste
Kont tout movè karaktè; n'ap reziste
Kont lògèy avèk gro san; n'ap reziste
Kont tripotaj, medizans; n'ap reziste.
Kont satan, kont maladi; n'ap reziste
Malgre tout sa n'ap soufri; n'ap reziste
Nan lavi kòm lanmò; n'ap reziste
Andedan kòm andeyò; n'ap rezsiste.
Malgre nou nan tout mizè; n'ap reziste
Malgre nou soufri grangou; n'ap reziste
malgre kò nou touni; n'ap reziste
Malgre soufrans kretyen sou te-a; n'ap reziste
Menm si fanmi nou kite nou; n'ap reziste
Zanmi nou mèt kite nou; n'ap reziste
Yo te mèt kritike nou; n'ap reziste
Menm Jezu te konn soufri; n'ap reziste.