Yon jou nou te konvèti
Yon jou nou te konvèti,
Ala yon bèl jou sa;
Jezu te padone nou,
Li te ba nou lafwa,
Nou te di: m'ap swiv Jezu pou letènite
Eske nou toujou fidèl?
Eske nou kretyen vre?
O, nou pa kapab preche lemonn si nou gen peche
Se pou tèt sa n'ap mande Bondye pou yon revèy
Fidèl yo, misyonè yo pastè yo, se vre,
Na wè pwisans le Seyè lè nou gen yon revèy.
Nou gen tan pou travay
Nou gen tan pou nou jwe;
pouki sa li si difisil
Pou-n jwenn tan pou-n priye
Papa nou vle beni ou;
Bib la di konsa:
mande, chache e, frape e ou va resevwa.
Si ou santi kè ou refwadi,
Si ou chite,
Kounye-a se tan favorab pou ou reklame,
Konfese peche sa-a ki fè ou tonbe:
Jezu vle padone ou
Li trè danjere.
Gen yon peche tankou pwazon
Li trè danjere,
Li kab touye Legliz si nou kite-l antre
Tripotay, se peche sal.
Fòk nou fè-l sispann
lè nou fi-n fè eskandal
Pisans la va desann.
Nou batize, nou manm Legliz
Nou santi nou bon,
Men malgre sa nou manke anpil benediksyon
Louvri Bib la e Malachi chapit twa;
"Se pou-n peye la dim ka Bondye kòmande sa".
Tout moun bezwen yon revèy;
Nou tout bezwen vi-n sen
Paske yon jou Jezu va parèt
Ak zanj li yo,
Fòk ròb nou pi e san tach,
Fòk nou sanktifye;
Nou tout rete fidèl,
Jouktan jou sa-a rive.