Chant d'Espérance Revival
17

Gen yon non mwen renmen chante

Réveillons-nous Kreyòl
▶ Écouter sur YouTube
1

Gen yon non mwen renmen chante,
Se yon non mwen p'ap janm bliye
Paske se pa li mwen sove,
Prèsye non Jezu-Kri.

Refren

O Wi mwen renmen Jezu (3 fwa)
Paske li renmen-m anvan

2

Bwa kalvè, mwen p'ap janm bliye
Se la li mouri pou sove
Tout pechè ki vle vi-n lave
Nan san li ki koule la.

3

Pawòl Bondye m'ape sere,
Nan kè mwen pou mwen pa peche
Kont Jezu ki te vle sove nou,
Lè li mouri pou nou.

Précédent16 · Yon jou nou te konvètiSuivant18 · Nan mitan gwo lanmè