19
Kenbe fèm nan travay n'ap fè
Réveillons-nous Kreyòl
1
kenbe fèm nan travay n'ap fè
Pou Jezu-Kri
Rout la pa fasil, fòf nou toujou soufri
Lè satan ap fè ravaj li toupatou,
Mwen konnen Jezu la li va kenbe nou.
Refren
Kenbe fèm jouk sa fini,
Kenbe fèm jou Kris vini,
kenbe fèm piga ou lage
Lè Jezu la ou p'ap janmè fatige.
2
Yon sòlda p'ap janm touche san-l pa travay,
Ki toujou rete fidèl nan tout bagay;
Ki p'ap janmè rekile lè ou nan batay;
Nou konnen aprè batay n'ap gen viktwa.
3
Jezu sere yon bèl kouròn pou tout kretyen,
Ki toujou rete fidèl jiska lafen,
Va gen tout kalite kouròn nan jou sa-a.
Lite byen pou nou ka pran tout kouròn yo