Nan mitan gwo lanmè
Nan mitan gwo lanmè,
Ak tanpèt mwen te ye.
San sekou m'te pèdi,
San lafwa, san limyè;
Toutakou mwen wè yon gwo bato ap pase;
Mwen ranmase tout fòs mwen
E mwen te rele "O sekou!" (2 fwa)
Kilès ki pou sove-m "O sekou".
Se bato levanjil vapè byen ekipe,
Ki t'ap mennen fidèl yo nan rwayòm Bondye,
Kapitèn bato-a wè efò mwen t'ap fè
Ak you men byen anlè,
Mwen te kriye trè klè: "O sekou" (2 fwa)
Touswit bato sovtaj,
Fè mwen reprann kouraj,
Nan gran bonte-l chèf la
Pran ka mwen an chaj,
Kounye-a mwen kontan e zafè mwen regle,
Paske gran Sovè-a rive kote-m te ye.
Glwa a Dye! glwa a Dye konsa nanm mwen chante: "Glwa a Dye!"
Zanmi dekouraje ki pa konnen lapè,
k'ap fè nofraj anba tèrib lanmè peche,
Senyè mwen dispoze sove ou si ou vle,
Vi-n chache sekou li kounye-a san delè,
li sove-m! li sove-m!
Ak lajwa m'ap chante; li sove-m".