20
Chemen-an pa fasil
Réveillons-nous Kreyòl
1
Chemen-an pa fasil,
Jouk nou rive nan syèl la,
Li genyen pikan e pièj anpil,
Chemen-an pa fasil,
Men Jezu mache ak nou.
Li rann kè nou tout toutafè trankil.
Refren
Non, non chemen-an pa fasil, (2 fwa)
Men Jezu mache ak nou
Li pote fado nou,
Gras li fè kè nou rejwi anpil.
2
Chemen-an pa fasil,
Gen zeprèv, genyen traka;
Tout kote nou pase gen danje;
Rout la mèt difisil
Si Jezu kenbe nou,
Na rete fèm lè pye nou glise.
3
Kò nou konn fatige,
Dekouraje nan rout la;
Epi satan konn vi-n tante nou
Men n'ape tann le Senyè
Ki va parèt nan glwa li,
l'ape pran nou ak li yon bèl jou.