Chant d'Espérance Revival
21

Kè mwen boulvèse anba kolè Bondye

Réveillons-nous Kreyòl
▶ Écouter sur YouTube
1

Kè mwen boulvèse anba kolè Bondye,
Anvi monn nan trennen-m nan bafon peche.
Senyè pou yon pòv miserab, gen pitye,
Tou swit li vi-n sekoure-m kotem' te ye

Refren

li retire-m nan boubye peche,
Li mete pye-m sou tè fè-m se vre
Li fè kè-m rejwi e m'ap chante
Yon chan glwa a Dye!
Alelouya!

2

Li te mete-m sou tè fèm, a kote li,
Pye mwen vi-n asire nan chemen lavi.
Nan pwen danje ankò, li kenbe-m debou;
M'ap mache pazapa avèk li toujou.

3

Li mete yon chan louanj anndan kè mwen,
Nan nwit kou lajounen.
Se li m'ap chante,
Kè mwen ap debòde; nanm mwen afranchi
Tout glwa pou Redanmtè Senyè Jezu-Kri.

4

M'ap chante gran mizerikòd li pou mwen
M'ap felisite jouk tan tout moun konnen
Nanpwen lòt sali pou lèzòm jodi-a;
Vi-n chache sekou li anvan li trò ta.

Précédent20 · Chemen-an pa fasilSuivant22 · Ala you mèveye mèveye jou