Chant d'Espérance Revival
23

Senyè mwen mande ou fòs

Réveillons-nous Kreyòl
▶ Écouter sur YouTube
1

Senyè mwen mande ou fòs
Pou m'reziste nan konba (2 fwa)
Mwen vle rete fidèl jan ou vle mwen ye
Nan konba (2 fwa)

Refren

Kan lespri mwen ta vle boulvèse
Mwen pa pè mwen konnen m'asire nan konba (2 fwa)

2

Pran feblès mwen ban-m fòs ou
Pou-m kab lite nan konba (2 fwa)
Mwen vle swiv ou e ale kote ou
vle nan konba (2 fwa)

3

Senyè kenbe-m fèm pou mwen pa trouble
nan konba (2 fwa)
Ou te di mwen tout sa genyen pou rive,
nan konba (2 fwa)

4

Nan moman sa nou ye si nou pa kenbe ou
Sa na fè (2 fwa)
Nou vle rete fidèl pou-n k'ap kourone
Aprè konba (2 fwa).

Précédent22 · Ala you mèveye mèveye jouSuivant24 · Chak fwa mwen fè yon bagay