Chak fwa mwen fè yon bagay
Chak fwa mwen fè yon bagay,
Mwen pat pou fè,
Chak fwa mwen di yon bagay
Mwen pat pou di,
Kite-m di ou sa mwen fè,
E nanm mwen va beni
Mwen kache yon kote pou-m priye.
Men wi mwen kache, (2 fwa)
Mwen mande Sovè mwen pou li dirije-m
Mwen kache yon kote pou-m priye.
Frè ze sè dan le Senyè
Mete nou prè,
An nou priye pou nou kapab reveye,
Jezu-Kri fè nou pwomès
Fòk li jwenn nou prepare
Apòt la di nou priye toutan.
Chak fwa mwen fi-n lapriyè
Mwen vi-n pi fèm
Paske Sentespri Bondye pale nan kèm
Nan Galat 5 Vèsè 25
Moun kab viv selon lespri,
Se pou yo mache daprè Lespri
Nan Bib la nou jwenn moun ki te konn priye
Pami yo nou jwenn Moize epi Danyèl
Nan 1 Tesalonisyen chapit 5 vèsè 17
Apòt la di nou priye toutan.