Gen you jou k'ap vini
Gen you jou k'ap vini,
Lè sa-a p'ap genyen chagren
P'ap gen nyaj nan syèl la,
Ni gwo dlo pou twouble zye-m
Va gen lapè pou toutan,
Nan bèl ti vil dò sa-a
Ki gran jou, jou glorye sa va ye
Ki gran jou sa va ye, lè m'a rankontre Jezu
E mwen va gade figi-l,
Li menm ki sove-m pa gras
E li va kenbe men mwen.
Poul mennen mwen nan tè pwomès la
Ki gran jou, jou glorye sa va ye.
Pape genyen tristès,
Ni fado pou nou pote,
Ni maladi, ni doulè,
Ni pataj nan peyi sa-a.
Va gen lapè pou tout tan
Nan bèl ti vil dò sa-a
ki gran jou, jou glorye, sa va ye
Ou mem-m ki san Jezu,
Sa ou va fè nan jou sa-a?
Men Jezu pral vini,
Pòt lagras la pral fèmen
Kolè Bondye pral tonbe
Sou tout moun ki san Jezu.
Ki gran jou, jou glorye sa va ye.