Chant d'Espérance Revival
28

Pawòl Bondye di nou: lè Kris prèt pou-l vini

Réveillons-nous Kreyòl
▶ Écouter sur YouTube
1

Pawòl Bondye di nou: lè Kris prèt pou-l vini
Lamou va refwadi; anpil fwa va branle
Peche va ogmante, lè syèk la pral fini,
Malgre sa, satan pa janm repanti

Refren

Jezu ap vi-n maten, midi ou a minwi
Tout mò ki nan Kris yo va tande twonpèt la
Yo va resisite pou yo ale nan syèl,
Kote pap gen lanmò, se viv tou tan.

2

Traka isiba yo ranpli kè nou ak krint,
Jouktan nou fi-n bliye tout byenfè Bondye yo
Imilye nou pou-n sòti anba chatiman,
Fòk nou krètyen pou nou vi-n pèleren.

3

Eprèv yo va fini lè nou monte anwo,
Nou va jwaye tout tan lè nou ale nan syèl,
N-a bliye tout sousi, n-a di lemonn adye
Pou-n ale jwi bonè ki p-ap fini.

4

Nou tout te kondane, Jezu fè nou pwomès
Si nou vle kenbe li, n-a jwenn la delivrans
Pwomès la akonpli sou lakwa di kalvè.
Nou di mèsi Seyè pou amou li.

Précédent27 · O ala mwenn boulvèseSuivant29 · Te gen yon fanm ki te malad