Te gen yon fanm ki te malad
Te gen yon fanm ki te malad,
Li pase douzan, li pat kapab geri.
Tout kote l-ale li pat jwenn gerizon
Li vi-n kouche, pou li tan lanmò li.
Pandan li kouche, li tande y-ap pale
Gen yon sovè ki fè anpil mirak,
Li pran kouraj li di konsa:
"Mwen gen espwa ke m-ap jwenn gerizon"
Yon jou li leve, li te ale
Foul la anpil, li pa kapab antre,
Li te fòse-l touche ròb Jezu,
Menm lè sa-a fanm nan te jwenn gerizon.
Pandan fanm nan touche ròb Jezu,
Jezu santi li pa menm jan ankò
Li te kanpe, li di foul la:
"Mwen santi yon moun ki touche mwen"
Disip yo reponn, yo di "Seyè
Foul la anpil kòman ou fè konn sa"
Fanm nan parèt, li di "Seyè
Se mwen menm ki touche ròb ou-a"
"Fanm nan kanpe tou ap tranble
Jezu rete, li gade fanm nan;
Li di fanm nan: "w gen lafwa,
Avèk lafwa wa jwenn gerizon."